Monday, January 10, 2011

Yon ti koze ak Jacques

 Nou la jodi-a 2 jou anvan anivèsè trambleman de tè a an Ayiti ki te fè plis ke 300 000 lanmo ak anpil blese e yon bann moun jiskaprezan anba tant nan move kondisyon. Mwen gen avek mwen Jacques: Jean Pierre ki se yon jèn mizisyen et enfomatisyen ki te viktim nan evenman tout! Mwen te fe entevyou avel deja. Mwen gen onè kounye-a pa mwayen entenet pale avel sou entènèt!
Sammuel: Jacques kouman ou ye?
Jacques: Mwen trè byen gras a Dye. Se yon plezi pou mwen tou poum fe ti entevyou sa avè-w
Sammuel: ki panse ou de 12 janvye sa-a?
Jacques: Mwen kwe ke 12 janvye se yon dat ke pep Ayisyen pap janm' bliye
Sammuel: kisa jou sa vle di pou ou?
Jacques: Pou mwen, dat sa mwen we ke se yon dat ke Bondye rachtem, e se yon jou ke mwen pa kwe ke map kapab bliye. Paske jou 12 janvye 2010 la mwen we ke mwen la toujou e pi red se yon yon gras trè espesyal. Mwen menm pèsonelman, mwen se yon boul gras devan je Bondye
Sammuel: Mwen te fè yon entevyou avè-w ane pase! Di mwen eske ou toujou pè ou di mwens ou retounen nan vi nomal?
Jacques: An fet, mwen pat pè!
M’pale avek anpil moun kite viktim jou 12 la, yo toujou gen yon ti kras perez lakay yo
Mwen menm, mwen diferan mwen pa konnen si se Bondye kite banm fos sa. okontre, ak lot moun kem te pale kite viktim yo, mwen toujou di yo ke tout moun ou te we kite ale nan jou 12 janvye 2010, se te jou sa ke yo te dwe ale paske desten yo se te konsal te trase.
Tout moun ki rete swa ki pat viktim oubyen ki viktim se plan Bondye pou yo
Sammuel: Ou te di mwen lafwa pase ke ou ka nan douch ou kouri soti paske ou santi tè a ap tranble pandan ke tout lot moun di ou pa gen anyen. Eske ou toujou tromatize?
Jacques: An fet, depi menm moman kem te remake mwen te vivan, mwen konnen ke mwen pa tap mouri la.
Non! Jamais pas une seule fois
Sammuel: ok!
Ban nou yon ti rezime de ki kote ou te ye e sak te pase! moun yo ka toujou gade video a pou plis enfomasyon!
Jacques: Mwen te nan laboratwa enfomatik GOC Universite kite sitiyel nan 4e ou 5e etaj, mwen tap fe yon mentnans sou plizyè odinatè, la menm mwen te santi kay la sekwe avek anpil etidyan kite nan laboratwa a
Sammuel: Ok...
Jacques: Se konsa nou tout te tonbe kouri, kay la te plonje ak nou e nou konn res istwa-a
Sammuel: ...Epi konbyen tan ou te fe anba dekomb?
Jacques: Mwen te pase anviron 22 è de tan anba gwo bout beton
Sammuel: Mwen di Bondye mesi, deske ou te sove! Eske ou te gen zanmi ki te viktim tou?
Jacques: Mwen gen anpil zanmi kite viktim em genyen nan yo kem pap janm we anko
genyen nan yon manke pye ak bwa
men kanmenm sa kite plis enpotan: on est là!
Sammuel: Ki mesaj ou genyen pou moun kap li sa jodi-a?
Jacques: Mesaj mwen se:
kwe ke gen yon Bondye ki tou pisan e li di ke siw pote tout pwoblem ou yo ba li
lap rezoud yo. E mwen vle tout moun konnen ke jou kite 12 janvye 2010 la le mwen te anba dekonb ,mwen te toujou gen espwa ke map soti  byen vivan
Haiti te kraze 12 janvye 2010 ak goudougoudou mwen ke Haiti ap rekonstwi menm si sa ap pran tan men yon jou, Haiti gen pou l delivre
Sammuel: Mesi pou tan ou! Mwen swete nou we yon lot lè!
Jacques: ok! Pa gen pwoblèm 

****************************
Men entèvyou mwen te ak Jacques la ane pase:


Si ou vle wè plis video ak temwayaj sou sa ke mwen te wè an Ayiti al sou youtube.com/samhaiti
 

Tuesday, January 4, 2011

The Earthquake in Haiti

As we all know it, we are inching forward toward this horrible date in the Haitian history! It was scary! Wait till you hear from the survivors and how they made it out alive! : Where were you at the time of the Haitian earthquake on January 12? What happened? Let us know about your story! If you were in Haiti great but I still would like to hear about you though you were thousand of miles away! Has this event changed your life?


French, English or creole please!

May God bless you!

How warm is it?

Warm temperature, ranging year-round from 70-93° F in the coastal regions, and 50-75 in the mountainous areas; rainy seasons are April-May and August-October.

Enjoy the music!


You might be going through some tough time and you feel like you can not take it anymore. Remember there is a friend who cares and his name is Jesus. He says cast all your care upon him for he caress for you. He will give you rest! The road might be treacherous, nevertheless, don't ever give up!

It is time...

Time does not stand still. So, Make the best use of it!