Showing posts with label Yon ti koze an kreyol. Show all posts
Showing posts with label Yon ti koze an kreyol. Show all posts

Wednesday, November 10, 2010

Mesaj prevansyon pou lite kont kolera

Ministère de la Santé Publique et de la Population
Direction de Promotion de la Santé et de la Protection de l’Environnement
(DPSPE)
vendredi 22 octobre 2010
Messages de sensibilisation validés en réponse à épidémie déclarée de choléra
Pour diffusion immédiate au sein des communautés et familles


MESAJ PREVANSYON POU LITE KONT KOLERA

Maladi Kolera se yon maladi moun pran nan manje ki mal kwit ak sèvi ak dlo ki pa trete.
Men kèk konsèy Ministè sante Piblik ak patnè li yo ap bay popilasyon an:

Mesaj #1
Pa manje okenn legim kri
- Byen kwit tout manje nap manje, sitou bèt ki sot nan lanmè oswa nan larivyè tankou pwason, krab, kribich, elatriye
- Lave fwi yo ak dlo trete anvan nou manje yo
- Kouvri tout manje ak sa nou ap bwè pou mouch pa poze sou yo
- Pran prekosyon ak tout sa nap bwè nan lari tankou dlo nan gode, nan bidon oswa nan sachè, ak lòt likid tankou ji, krèm, fresko, tikawòl, elatriye

Mesaj #2
Trete dlo nap sèvi a
- Byen trete tout dlo nap sèvi ak pwodwi ki fèt pou sa:
-Mete 5 gout jif nan chak galon dlo kite l poze pandan 30 minit anvan ou sèvi avek li
-Sèvi ak Akwatab;
-Bouyi dlo a
- Pa bwè dlo larivyè, ni dlo sous

Mesaj #3
Jere watè ak fatra yo
- Pa fè bezwen nou atè, bò sous dlo, nan sachè, nan mamit
- Fè bezwen nou nan latrin aprèsa kouvri bouche latrin yo
- Jete poupou timoun yo nan latrin, oswa fouye yon twou byen fon pou mete yo, apresa
bouche twou a
- Pa mete men nan vomisman, mete vomisman yo nan latrine pi lave men noua k savon to swit
- Pa kite fatra bò kote nap viv pou mouch pa poze sou yo epi al poze sou sa nap sèvi
- Sanble fatra yo, epi boule yo lwen kote nou rete

Mesaj #4
Lave men nou ak dlo ak savon pliziè fwa nan jounen an, sitou:
- Lè nou sot fè bezwen nou,
- Anvan nou manje,
- Anvan nou prepare manje,
- Anvan nou touche ak okipe tibebe yo,
- Lè nou sot touche yon moun ki malad,
- Lè nou sot nan lari epi nou rantre lakay nou
- Lè nou fin manyen yon bagay lòt moun te deja manyen: tankou telefòn, lajan, elatriye
- Lè nou sot manyen yon moun ki gen dyare ak vomisman

Mesaj #5
Kouman pou nou lave men nou
- Lave men ak savon anban tiyo, oswa mande yon moun vide dlo a sou men nou
- Byen mouye men nou anvan nou savonnen yo
- Fwote zong, pwent dwèt, pla men nou ak do men yo
- Rense yo byen rense
- Souke yo pou yo seche

Mesaj # 6
Pou moun kap viv ak malad
- Sonje, règ ijyèn yo ap ede nou pwoteje tèt nou kont kolera
- Byen lave men nou chak fwa nou sot ankontak ak moun ki malad la
- Lave ak klwowòks rad, asyèt, kouvè ak tout sa ki sal ak twalèt oswa vomisman moun ki malad la
- Sonje, pa mete men nan bouch nou.

Mesaj #7
Moun ki gen kolera
- Mennen san pèditan tout moun ki gen dyare ak vomisman nan sant sante
- Bwè anpil likid pandan jounen an : dlo trete, sewòm oral, ji ki byen prepare
- Toujou bay tibebe yo tete pandan nap swiv règ ijyèn yo

Mesaj #8
Kouman pou nou prepare sewòm oral
- Vide 3 boutèy kola dlo trete nan yon veso ki lave ak klwowòks
- Vide 1 ti sachè sewòm oral nan dlo a
- Bwase li ak yon kiyè oswa yon louch ki lave ak klwowòks
Si ou pa gen ti sachè sewòm oral la :
- Mete 3 boutèy kola dlo trete nan yon veso ki lave ak klwowòks
- Mete 3 ti kiyè sik nan dlo a
- Mete 1 ti kyè sèl
- Mete 1 priz bikabonat
- Pije 1 bò sitron ladan l
- Bwase li ak yon kiyè oswa yon louch ki lave ak klwowòks
Sonje kouvri veso ki gen dlo sewòl oral la ak kouvèti ki pwòp chak fwa ou fin bwè ladan l.

Tuesday, August 17, 2010

Priye pou Ayiti

 Anpil evénman pase nan bèl ti peyi nou e tou dènyeman sa ki te pi frape nou an se tranblemandetè- a! Anpil moun pèdi lavi yo. Anpil san kap, ap domi nan lari! Yo pa menm konnen ki kote manje yo ap soti! Yon bann timoun lage nan lari a san paran! Tout moun ap tann! Tann kisa: èd!

Eske nou sonje priye pou Ayiti? Eske nou dezespere tèlman jiskaske nou jis pa fè anyen anko.

 Non, pa dekouraje bagay yo ka chanje ak Bondye! Si ou te konn priye, priye pi rèd! Si ou pat jann konn fè sa, li lè pou ou komanse! An nou priye pou eleksyon yo kap vini an, pou kandida yo e pou prezidan kap vini an! An nou priye pou moun sa yo ki sou pouvwa-a kounye-a pou Bondye ka louvri je yo epi ede yo pran desizyon ki pi bon pou pèp la!


Priye pou benediksyon Bondye sou tout moun kap ede Ayiti yo!

Pa janm neglije priye! Priye san nou pa janm lage!

Bondye beni-w! Eske ou gen yon priyè pou Ayiti?

Friday, January 9, 2009

Learning how to count in creole

If you go to a foreign country one of the key to really enjoy the trip is to know something about the culture of its inhabitants and better more learn at least some basics and essential words or phrases in the native language of its people. In Haiti the official language is French and Creole though most people would understand French not all of them speak it. French is mostly on official papers and when you go to a government office but now they are trying to have the creole more involved. It used to be that officials would only give speech in French but now things have changed. They speak Creole to make sure that everybody understand what they are saying! Great! This is what creole looks like . So today I am posting a video from youtube which is teaching you to count in creole. Hope you enjoy the video it is from www.byki.com Have fun!

Thursday, December 18, 2008

Yon ti koze pesonèl avèk Aysyen yo! (Heart to heart talk with my fellow Haitians)

Photo Sharing and Video Hosting at PhotobucketLè m'ap gade kijan pèp Ayisyen soufri e kijan malgre tout bagay yo toujou gen yon bel souri sou vizaj yo! Le mwen gade kijan Ayiti ap degrade men nou toujou kenbe lespwa! Lè mwen gade kijan malgre tout sityasyon politik, ekonomik ak sosyal pèp Ayisye toujou kenbe fèm! Mwen realize ke se sèl Bondye ki Bondye! Si se pa te li tout moun tap fou! Lajan pa ba ou bonè! Li ka achte bèl kay pou ou, fè ou gen gwo relasyon men si ou pa Bondye nan lavi-w ou chire!
Ayiti, an nou leve Bondye pi wo! AN nou chèche pwisans li ak prezans li konsa peyi nou an ap sispann fe pa an aryè!

Konnen nou pa konnen ki jan peyi nou an rich, konnen nou pa konnen kijan peyi a bèl! Mwen swete nou tout yon bon fèt nwèl ak yon lerez ane!

Walk of Fame Animated custom comment codes for MySpace, Hi5, Friendster and more - ImageChef.com Chak moun gen fason pa'l ke li ka ede Ayiti! Mwen menm sa mwen fe se ankouraje moun vini an Ayiti, Adopte timoun an Ayiti epi aprann istwa peyi-a! Yo pale mal de Ayiti anpil kote men yon moun ki li blog mwen yo ap we ke byen ke Ayiti gen anpil bagya ki pa bon nan li (tankou tout lot peyi), li gen anpil bon bagay ke pa gen anpil moun kin konnen. Mwen ekzpoze move yo men mwen mete plis aksan sou bon yo! Ayiti se yon bel ti peyi wi si ou konnen kote pou-w ale! Pèp Ayisyen an se yon pèp ki renemen akeyi moun dan la mezi ke ou montre li respè! Mwen fiè de ou Pèp Ayisyen! Mwen fyè de peyi mwen!

Mwen toujou ekri an anglè, paske plan mwen se pou mwen fè moun ki pale anglè yo konnen sa kap pase an Ayiti e pou yo ka aprann apresye'l! Mèsi pou tout sipo moral nou! Ayiti ou pap mouri ou gen pou-w leve kanpe! Nan non Jezi!

How warm is it?

Warm temperature, ranging year-round from 70-93° F in the coastal regions, and 50-75 in the mountainous areas; rainy seasons are April-May and August-October.

Enjoy the music!


You might be going through some tough time and you feel like you can not take it anymore. Remember there is a friend who cares and his name is Jesus. He says cast all your care upon him for he caress for you. He will give you rest! The road might be treacherous, nevertheless, don't ever give up!

It is time...

Time does not stand still. So, Make the best use of it!