Lè m'ap gade kijan pèp Ayisyen soufri e kijan malgre tout bagay yo toujou gen yon bel souri sou vizaj yo! Le mwen gade kijan Ayiti ap degrade men nou toujou kenbe lespwa! Lè mwen gade kijan malgre tout sityasyon politik, ekonomik ak sosyal pèp Ayisye toujou kenbe fèm! Mwen realize ke se sèl Bondye ki Bondye! Si se pa te li tout moun tap fou! Lajan pa ba ou bonè! Li ka achte bèl kay pou ou, fè ou gen gwo relasyon men si ou pa Bondye nan lavi-w ou chire!Ayiti, an nou leve Bondye pi wo! AN nou chèche pwisans li ak prezans li konsa peyi nou an ap sispann fe pa an aryè!
Konnen nou pa konnen ki jan peyi nou an rich, konnen nou pa konnen kijan peyi a bèl! Mwen swete nou tout yon bon fèt nwèl ak yon lerez ane!
Chak moun gen fason pa'l ke li ka ede Ayiti! Mwen menm sa mwen fe se ankouraje moun vini an Ayiti, Adopte timoun an Ayiti epi aprann istwa peyi-a! Yo pale mal de Ayiti anpil kote men yon moun ki li blog mwen yo ap we ke byen ke Ayiti gen anpil bagya ki pa bon nan li (tankou tout lot peyi), li gen anpil bon bagay ke pa gen anpil moun kin konnen. Mwen ekzpoze move yo men mwen mete plis aksan sou bon yo! Ayiti se yon bel ti peyi wi si ou konnen kote pou-w ale! Pèp Ayisyen an se yon pèp ki renemen akeyi moun dan la mezi ke ou montre li respè! Mwen fiè de ou Pèp Ayisyen! Mwen fyè de peyi mwen!Mwen toujou ekri an anglè, paske plan mwen se pou mwen fè moun ki pale anglè yo konnen sa kap pase an Ayiti e pou yo ka aprann apresye'l! Mèsi pou tout sipo moral nou! Ayiti ou pap mouri ou gen pou-w leve kanpe! Nan non Jezi!




No comments:
Post a Comment
Thanks for your comments! Please make sure you select the drop down list that reads comment as to choose your profile or select anonymous! Otherwise your comment will not show.
Thanks for your time!